Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

COVID-19

COVID-19 la se yon maladi ki enfekte poumon yo. Ou ka tande y ap rele l COVID oswa maladi kowonaviris 2019. Se yon tip kowonaviris ki lakoz li. Viris la rele SARS-CoV-2. Gen plizyè tip kowonaviris. Yo se koz komen rim ak bwonchit. Yo ka bay yon enfeksyon nan poumon ki rele nemoni. Sentom yo ka soti nan pa grav pou ale nan grav. Gen kèk moun ki pa prezante okenn sentom. Yo jwenn viris sa yo tou lakay kèk bèt.

Viris yo chanje (mite) tout tan. Chanjman yo lakoz viris la vin gen plizyè fòm. Yo rele yo varyan. Varyan COVID-19 yo pwopaje pi fasilman ant moun ak moun. Yo ka lakoz ou gen ti sentòm lejè. Oswa yo ka lakoz plis sentòm grav. 

Viris la pwopaje epi enfekte moun pi fasil. Li ka enfekte yon moun pi fasilman si moun sa pa iminize kont li. Viris la pwopaje pi souvan nan ti gout likid ki vole nan lè a, lè yon moun touse oswa estènen. Nan kèk ka, ou ka pran l lè w touche yon sifas ki gen viris la sou li apre w al touche je w, nen w, oswa bouch ou.

Yon fanm k ap lave men l nan yon evye kizin.
Pou evite simaye enfeksyon an, lave men nou souvan, oubyen itilize yon dezenfektan ki fèt ak alkòl pou men.

Pou plis enfòmasyon

Pou w jwenn dènye nouvèl CDC yo:

Ki sentom COVID-19 la?

Gen kèk moun ki pa prezante okenn sentom. Gen kèk ki gen sentòm lejè. Gen lòt ki ka gen sentòm grav. Yo varye tou depan de moun nan. Sentom yo ka kòmanse soti nan 2 èm pou rive nan 14 èm jou aprè kontak ak viris la. Tankou:

  • Lafyèv

  • Frison

  • Tous

  • Difikilte pou w respire oubyen souf kout

  • Gòj fè mal

  • Nen bouche oubyen nen k ap fè dlo

  • Tèt fè mal

  • Kò fè mal

  • Fatig

  • Anvi vomi, vomi, dyare, oswa lestomak fè mal

  • Pa ka pran sant oubyen pran gou yon lòt fwa

Ki konplikasyon ki posib lè yon moun gen COVID-19?

Viris la ka koze yon enfeksyon nan poumon. Yo rele sa nemoni. Sa a ka debouche sou lanmò nan kèk ka. Ekspè yo kontinye ap aprann plis sou pwoblèm COVID-19 yo. Pwoblèm yo ka gen ladan yo:

  • Tansyon ba

  • Ensifizans renal

  • Enflamasyon sèvo a oswa kè a

  • Pwoblèm sou po

Gen kèk moun ki gen pi gwo risk pou gen pwoblèm yo. Tankou:

  • Granmoun

  • Moun ki gen maladi kadyak oswa maladi respiratwa

  • Moun ki dyabetik oswa maladi ren

  • Moun ki gen pwoblèm sante ki rann sistèm iminitè li fèb

  • Moun k ap pran medikaman ki rann sistèm iminitè li fèb

Timoun yo pa fasil gen konplikasyon grav. Yo rele sa sendwom enflamatwa miltisistemik lakay timoun yo (MIS-C). MIS-C sanble similè ak maladi Kawazaki. Se yon maladi ra. Li fè veso sangen yo ak ògàn yo ki nan kò a anfle. MIS ka rive granmoun yo tou. Men sa pa rive souvan.  

Kòman yo dyagnostike COVID-19 la?

Founisè swen sante ou a ap mande w:

  • Ki sentòm ou genyen

  • Si w te genyen kontak rapwoche ak yon moun yo konnen ki genyen COVID-19

  • Kote w ap viv

  • Si w fenk sot vwayaje

  • Si w te gen kontak ak moun ki malad

  • Si ou pran vaksen kont COVID-19

  • Si ou te genyen COVID-19

Ou ka fè yonn nan tès pou COVID-19 sa yo:

  • Tès viral (molekilè). Ou ka tande yo rele sa tou yon tès PCR oswa RT-PCR. Tès viral yo presi anpil. Tès viral yo chèche materyèl jenetik (RNA) viris SARS-CoV-2 a. Gen kèk fason pou yo fè sa. Yo ka pase yon aplikatè anndan nen w oswa zorèy ou. Yo ka pase yon aplikatè ki alonje anndan nen w rive nan fon gòj ou. Oubyen yo ka prelve yon echantiyon saliv ou. Rezilta tès la ka pran ant 45 minit a plizyè èdtan pou li prè. Sa depann de tip tès la. Gen kèk tès yo dwe voye nan yon laboratwa. Rezilta yo ka pran plizyè jou. Gen kit tès pou w itilize adomisil ki disponib kounya. W ap bezwen preskripsyon pou kèk nan yo. Si w ap itilize yon kit adomisil, byen swiv enstriksyon kit la. Gen kèk kit adomisil ki bay rezilta rapid. Gen lòt se nan yon laboratwa yo dwe voye yo pou yo jwenn rezilta yo.

  • Tès antijènik. Li ka jwenn pwoteyin viris SARS-CoV-2 a. Yo ka pase yon aplikatè anndan nen w oswa zorèy ou. Yo ka pase yon aplikatè ki alonje anndan nen w rive nan fon gòj ou. Ou ka jwenn kèk rezilta aprè anviwon 15 a 60 minit. Sa depann de tip tès la. Rezilta pozitif yo presi anpil. Men gen fo rezilta pozitif ki ka rive. Epi rezilta yo ka negatif menm pou moun ki gen COVID-19. Li pi fasil pou yon tès antijenik pa wè yon enfeksyon COVID-19 ke yon tès viral (molekilè). Ou dwe petèt fè yon tès viral si tès antijènik ou an negatif men ou gen sentòm COVID-19 yo.

  • Tès respiratwa. Tès rapid sa a pa twò disponib pou moman sa a. L ap idantifye enfeksyon SARS-CoV-2 bay yo, nan souf la. Yo fè tès la nan biwo founisè yo, nan lopital, ak nan sit tès mobil yo.

Si founisè w la panse oswa konfime w gen COVID-19, li ka fè w fè lòt tès. Tès sa yo ka gen ladan yo:

  • Tès sangen antikò. Modèl tès sa ka montre w si w te gen viris la nan san w. Li montre antikò viris la nan san an. Presizyon tès sa yo varye. Epi yo pa disponib tout kote. Yon tès antikò ka pa montre si w gen yon enfeksyon kounya. Paske sa ka pran kò w kèk semèn pou l fabrike antikò. Yo pa ko ka itilize okenn nan tès antikò yo pou di si yon moun iminize kont viris la.

  • Kilti ekspektorasyon. Si ou gen yon tous gra, yo ka mande w pou w touse rale yon ti rim (krache) soti nan poumon ou. Yo teste l pou viris la. Yo kapab fè tès nemomi tou.

  • Tès imaj. Yo ka fè yon radyografi torasik pou ou oubyen yon eskanè.

Èske ou ka pran COVID-19 ankò?

Wi, ou ka pran COVID-19 plis pase yon fwa. Ou ka pa gen iminite. Ou ka petèt pèdi iminite a. Oswa ou ka trape COVID-19 nan yon souch diferan (varyant) pa rapò ak viris la ke ou pa iminize kont li. Men vaksen kont COVID-19 la redui ris pou w trape COVID-19 la.

Vaksen kont COVID-19

FDA ak CDC konseye pou yo bay tout moun ki gen laj 6 mwa oswa plis vèsyon vaksen COVID-19 2023-2024 ki ajou a pou fè prevansyon kont COVID-19. Vaksen sa yo se Pfizer-BioNTech, Moderna, oswaNovavax. Vaksen yo ka rann maladi a mwen grav tou si ou ta trape COVID-19 kanmenm. Vaksen yo ka rann li pa nesesè pou w ale lopital. Epi li ka anpeche viris la pwopaje al jwenn lòt moun. Pa gen vaksen ki 100% efikas nan prevansyon kont yon maladi. Men pran yon vaksen enpòtan. Yo konseye fanm ansent oswa fanm ki ap fè alètman yo tou pou yo pran vaksen.

Yo bay vaksen COVID-19 yo sou fòm piki (enjeksyon) nan mis la. Mande founisè swen sante w la ki vaksen ki pi bon pou ou menm ak pwòch ou.

Kòman yo trete COVID-19 la?

Pi bon tretman yo kounya se sa ki ka ede kò w pandan l ap konbat viris la. Yo rele sa swen sipò. Sa gen ladan:

  • Repo. Sa ede kò w konbat maladi a.

  • Likid. Eseye bwè 6 a 8 vè likid chak jou. Mande founisè swen sante w la ki bwason ki pi bon pou ou. Pa pran bwason ki gen ni kafeyin ni alkòl.

  • Medikaman ki san preskrisyon (Over-the-counter, OTC). Yo itilize yo pou soulaje doulè yo ak redwi fyèv yo. Mande founisè swen sante ou a ki medikaman OTC ki bon pou ou.

Si w konfime w gen COVID-19, pale sa ak founisè swen sante w la. Ou ka elijib pou medikaman FDA apwouve yo pou anpeche ou vin gen yon enfeksyon COVID-19 ki grav.

Ou ka petèt bezwen etène lopital pou yon maladi ki grav. Swen ou yo kapab genyen:

  • Likid nan venn. Yo bay sa yo nan venn. Pou ede kenbe kò w idrate.

  • Oksijèn. Yo ka ba w oksijèn anplis. Oswa yo ka mete w sou yon aparèy respiratwa (ventilatè). Yo fè sa pou w ka jwenn ase oksijèn nan kò w.

  • Pozisyon kouche (Prone positioning). Ekip swen sante w la ka vire w sou vant detanzantan. Se sa yo rele pozisyon kouche a. Li ede w ogmante kantite oksijèn w ap pote nan poumon w yo. Swiv enstriksyon yo sou chanjman pozisyon yo pandan w etène a oswa lakay ou.

  • Medikaman antiviral. Antiviral yo anpeche viris SARS-CoV-2 simaye nan kò a. FDA te apwouve kèk medikaman antiviral pou trete ka COVID-19 ki lejè yo ak sa ki modere yo kay moun ki pi vilnerab pou yo malad anpil yo. Tretman sa yo pa disponib pou tout moun. Pale ak founisè w la pou w aprann plis.

  • Estewoyid oubyen lòt medikaman anti enflamatwa. Yo itilize yo pou soulaje enflamasyon kèk moun ki gen COVID-19 kapab genyen. Enflamasyon an ka ogmante pwoblèm respiratwa yo. Li ka koze lòt konplikasyon oswa mennen lanmò.

  • Antikò monoklonal. Yo te itilize yo pou ansyen souch COVID-19 la, men tretman yo fè ak antikò monokloral la pa efikas pou dènye varyan an. Pale ak founisè w la pou w konn plis.

  • Plasma konvalesans COVID-19. Plasma a se pati likid ki nan san. Yo ka mande moun ki gen COVID-19 pou yo fè don plasma. Se sa yo rele don plasma konvalesans COVID-19 la. Plasma a ka gen antikò. Kèk moun ki gen COVID-19 epi ki gen sistèm iminitè yo ki fèb anpil ka benefisye tretman sa a. Founisè w la ka ede w deside si li bon pou ou.

Ou gen risk COVID-19?

Ou gen risk pou w trape COVID-19 si yon nan bagay sa yo aplike pou ou:

  • W ap viv oswa ou te ale nan yon rejyon kote ki gen ka COVID-19

  • Ou te gen kontak sere (mwens pase 6 pye) ak yon moun ki te gen COVID-19

Moun ki pa prezante okenn sentom ka simaye COVID-19 la.

Dat dènye modifikasyon an: 15/2/2024

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer