Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fòmila Tibebe

Fòmila timoun piti oswa tibebe se yon fason pou bay tibebe ou manje ki san danje epi ki nourisan. Ou ka itilize li anplis de lèt tete oswa pou kont li. W ap jwenn anba a kèk enfòmasyon sou fòmila tibebe.

Ki kalite fòmila ou ta dwe itilize?

  • Sèvi ak yon fòmila komèsyal tibebe ki fòtifye ak fè.
  • Fòmila mak komèsyal oswa fòmila jenerik yo bon.
  • Fòmila tibebe a vini nan twa fòm:
    • likid ki tou pare-pou-bay
    • likid konsantre
    • poud
  • Sèvi ak likid ki tou pare-pou-bay oswa likid konsantre pou tibebe ki gen mwenske 3 mwa yo. Fòmila an poud la pa esteril epi li ka gen bakteri ki kapab lakòz maladi, sitou pou tibebe ki jenn anpil yo.
  • Fòmila likid ki tou pare-pou-bay oswa fòmila likid konsantre ou achte nan magazen yo esteril anvan ou louvri yo.
  • Fòmila soya pa nesesè pou pifò tibebe. Si tibebe ou an fè alèji ak fòmila abaz lèt oswa si gen yon lòt rezon ki fè ou itilize fòmila soya, tanpri pale avèk doktè tibebe ou an.

Fason pou ou Netwaye ak Retire Mikwòb (Esterilize) nan Bibwon, Tetin ak Atik pou Bay manje yo

Anvan ou premye itilize yo, esterilize tout bibwon, tetin, sison ak nenpòt lòt atik pou bay manje yo. Apre premye fwa a, ou dwe netwaye yo byen, men ou pa bezwen esterilize yo.

Swiv etap yo ki anba a pou yon bon netwayaj ak esterilizasyon.

Pou Esterilize

  • Mete atik yo nan yon bonm ki plen dlo epi kite dlo a bouyi pandan 5 minit.

Oswa

  • Sèvi ak yon maykwowev oswa ploge sistèm a vapè a epi swiv esplikasyon ki sou anbalaj la

Fason pou sèvi ak yon machin pou lave vesèl

  • Separe pati yo nan bibwon an. Rense yo avèk dlo anvan ou mete yo nan machin pou lave vesèl la.
  • Fè machin pou lave vesèl la fonksyone avèk dlo cho. Itilize reglaj sechaj chofe a sèk (heated dry) oswa esterilize (sanitize).
  • Lave men ou anvan ou retire ak estoke atik yo.

Lavaj Alamen

  • Lave men ou avèk savon ak dlo pandan 20 segonn.
  • Separe pati yo nan bibwon an epi rense yo anba dlo.
  • Pa mete bibwon yo nan evye a.  Evye a ka gen mikwòb ladan.
  • Mete tout atik yo nan yon basin ki plen dlo savon cho.
  • Sèvi avèk yon bwòs pou netwaye bibwon** pou fwote atik yo.
  • Rense yo ankò anba dlo k ap koule epi mete yo sou yon sifas ki pwòp pou yo seche nan lè.

Konsèy Enpòtan

* Pou plis pwoteksyon ak pou tibebe ki gen mwenske 3 mwa, esterilize tout pati yo ankò apre ou fin lave yo

** Pou sekirite tibebe ou an, itilize sèlman bwòs bibwon ki fèt pou bibwon tibebe yo.

Preparasyon ak Estokaj Fòmila Likid Esteril San danje

Yo fè fòmile likid tibebe yo pou fòmila a kapab esteril epi li pa transmèt enfeksyon bakteri si ou jere li kòrèkteman. Toujou lave men ou avèk savon ak dlo anvan ou prepare bibwon oswa bay tibebe ou manje.

Fòmila ki tou pare-pou-bay yo (Ready-to-feed Formula)

  • Netwaye ak dezenfekte sifas kote w ap opere a.
  • Rense kouvèti a epi souke veso a anvan ou louvri li.
  • Lave men ou avèk savon ak dlo.
  • Vide kantite ou vle a nan yon bibwon ki pwòp/esterilize.

Likid Konsantre

  • Swiv esplikasyon yo ki sou anbalaj la pou fè melanj lan.
  • Netwaye ak dezenfekte sifas kote w ap opere a.
  • Rense tèt bwat la.
  • Lave men ou avèk savon ak dlo.
  • Vide konsantre a nan yon bibwon pwòp.
  • Ajoute dlo ki te bouyi ak refwadi (dlo esteril).
  • Itilize li rapidman oswa konsève li an sekirite.

Veso Fòmila ki Louvri yo

  • Konsève nan frijidè bwat likid ki tou pare-pou-bay ak fòmila likid konsantre ki louvri yo.
  • Kouvri yo ak yon bouchon oswa film plastik.
  • Jete yo apre 48 èdtan.

Bibwon Prepare Davans ki Louvri

  • Ou dwe itilize avan 24 èdtan fin pase nenpòt fòmila tibebe ki nan bibwon ou te mete sou yon etajè nan frijidè.

Preparasyon ak estokaj san danje fòmila an poud tibebe

Si ou gen entansyon itilize fòmila an poud, nou rekòmande ou pran prekosyon anplis pou pwoteje tibebe ou kont mikwòb (bakteri yo). Bon ijyèn, melanje fòmila a avèk dlo ki cho sifizaman pou touye mikwòb yo epi konsèvasyon fòmila a an sekirite kapab anpeche mikwòb yo devlope. Ou pa dwe konsève fòmila a nan frijidè pandan plis pase 24 èdtan.

Pou Prepare Fòmila an Poud:

  • Netwaye ak dezenfekte sifas kote w ap opere a.
  • Lave men ou avèk savon ak dlo.   
  • Sèvi ak yon bibwon pwòp oswa esterilize (gade nan machaswiv yo ki anwo a).
  • Mete dlo nan yon bonm epi fè dlo a “bouyi”. Kite li refwadi nan pa mwens pase 158° F/70° C. Anjeneral, dlo ta dwe rete cho pou ou itilize li.
  • Vide dlo a nan yon bibwon pwòp epi ki esterilize.
  • Ajoute fòmila an poud la dapre machaswiv fabrikan an.
  • Souke fòmila a nan bibwon an ak anpil atansyon, olye ou brase li.
  • Refwadi fòmila a rive nan tanperati kò. Ou ka fè dlo frèt koule sou bibwon an oswa mete li nan yon beny glas.
  • Anvan ou bay tibebe ou an manje, souke kèk gout sou ponyèt ou pou ou teste tanperati a.

Konsèy ak Enfòmasyon Itil  

Itilize li rapidman oswa konsève li an sekirite

  • Si tibebe ou an pa fin bwè yon bibwon nan lespas 1 èdtan, jete fòmila li pa fini an.
  • Si ou pa prevwa pou ou itilize fòmila ou fin prepare a touswit, mete li nan frijidè imedyatman epi itilize li nan lespas 24 èdtan.

Si ou gen dout, jete li

  • Si ou pa kapab sonje depi konbyen tan ou te mete fòmila a nan frijidè, li preferab pou ou jete li olye ou bay tibebe ou an bwè li.

Done Brèf

  • Manje yo dwe fenk fèt.
  • Si ou sere fòmila ki fin fèt, konsève li nan frijidè epi itilize li nan lespas 24 èdtan.
  • Pa janm itilize yon maykwowev pou chofe fòmila glase paske ou kapab chofe fòmila a twòp nan fason ki pa egalego epi ou boule bouch tibebe a.

Fason pou Transpòte Bibwon Fòmila tibebe Prepare

  • Pa transpòte fòmila tibebe prepare yo jiskaske ou te fin glase yo nan frijidè.
  • Depi ou fin glase yo, transpòte bibwon an nan yon valiz glasyè ki gen pake glas.
  • Sèvi ak fòmila tibebe a nan lespas dezèdtan apre ou te transpòte li.

Si ou rive nan destinasyon ou an anvan dezèdtan fin pase, ou ka mete fòmila tibebe a nan frijidè pou jiska 24 èdtan apati lè ou te prepare li a. 

Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte founisè swen sante tibebe ou an.

N ap reponn avèk plezi kesyon ak enkyetid ou yo.

Tanpri fè nou konnen kijan nou ka soutni timoun ou an ak fanmi ou pi byen. 

 

Kreye an kolaborasyon avèk fanmi yo epi ekspètiz Sala Institute for Child and Family Centered Care nou an

© NYU Langone Health. Tout dwa rezève. Yo pa bay enfòmasyon sa yo pou ranplase swen pwofesyonèl swen sante yo. Toujou swiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante w la ba w yo. 

Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer