Tete ou itilize pou w ba timoun lan tete a
Alètman ka sanble yon mistè okòmansman. Kisa k ap pase anndan tete a? Kikote lèt la soti? Èske tibebe a respire byen? Anfèt, konsepsyon kò manman yo ak tibebe yo fèt nan yon fason natirèl ki apwopriye pou alètman. Foto pi ba a montre kijan ou menm ak tibebe w la travay ansanm pandan pwosesis alètman an.
Ti lob yo se estrikti ki pwodwi ak konsève lèt la.
Kanal yo se tib ki pote lèt la al nan pwent tete a.
Nen tibebe a plat, sa ki pèmèt li respire pandan w ap ba l tete.
Pwent tete a gen plizyè ti twou piti ki pèmèt lèt la soti.
Wonn tete a pwodwi lwil pou netwaye pwent tete a epi ede tibebe a pran tete a ak bouch li. Pandan w ap bay timoun tete, pifò espas wonn tete a dwe antre anndan bouch tibebe a jan sa posib. Sa ap ede tibebe a rale lèt la soti nan tete w. Fason sa pi konfòtab pase si tibebe a souse pwent tete a sèlman.
Lang lan ede tibebe a souse. Ou gendwa menm wè ti pwent lang lan soti deyò anba pwent tete a pandan tibebe w la ap bwè lèt la.
Lèt apwopriye nan moman apwopriye
Bezwen tibebe la yo ap chanje tank l ap grandi. Epi lèt kò w pwodwi a chanje tou pou l ka koresponn a bezwen sa yo. Ou pwodwi 3 kalite lèt pou tibebe w la:
- Kolostwòm lan se premye lèt la. Li epè epi li yon tijan jòn, se sak fè anpil moun rele l "lò likid". Kolostwòm lan gen tout eleman nitritif tibebe w la bezwen pandan premye jou lavi l yo. Li gendwa pa sanble anpil, men se tout sa tibebe w la bezwen pandan tan sa a.
- Lèt tranzisyon an vini apati 2èm a 5èm jou apre akouchman an. Li sanble epè, blan, oswa jòn.
- Lèt matire a kòmanse nan dezyèm oswa twazyèm semèn apre akouchman an. Lis sanble pi klè oswa pi dlo. Li ka gen yon koulè ki yon tijan ble tente. Kantite pwoteyin, grès, ak antikò ki nan lèt matire a chanje tank bezwen tibebe w la ap chanje.
© The StayWell Company, LLC. 800 Township Line Road, Yardley, PA 19067. Tout dwa rezève. Yo pa bay enfòmasyon sa yo pou ranplase swen pwofesyonèl swen sante yo. Toujou swiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante w la ba w yo. Pwofesyonèl swen sante w la te modifye enfòmasyon sa a avèk pèmisyon editè a.